Dooke Network ak Dooke Tech Academy se sèvis ki opere anba DOOKE LLC (DBA Dooke Tech). Pwodwi edikasyonèl yo ka dekouvri oswa achte sou Dooke Network, pandan ke aksè nan kou, kominote, membership, ak sipò fèt atravè Dooke Tech Academy Portal (portal.dooketech.com) oswa yon lòt platfòm Dooke Tech chwazi.
1. Akseptasyon Kondisyon yo
Lè w antre oswa itilize DookeNetwork.com, Dooke Tech Academy (DTA), lè w kreye yon kont, achte yon pwodwi, rantre nan yon abònman (membership), enskri pou yon pwogram, oswa patisipe nan sèvis DTA yo, ou aksepte pou w respekte Tèm ak Kondisyon Sèvis sa yo. Si ou pa dako ak kondisyon sa yo, ou pa fèt pou w antre oswa itilize sèvis yo.
2. Kondisyon Laj — 18 Ane oswa Plis Sèlman
Ou dwe gen omwen 18 ane pou w kreye yon kont, achte oswa enskri nan yon kou, seminè, membership, oswa lòt pwogram edikasyonèl, oswa pou patisipe nan espas kominote Dooke Tech Academy.
Lè w enskri, achte, oswa patisipe, ou konfime e ou garanti ke ou gen omwen 18 ane. Moun ki gen mwens pase 18 ane pa gen dwa kreye yon kont DTA, achte pwodwi edikasyonèl DTA, enskri nan kou, seminè, achte abònman, oswa antre nan gwoup kominote prive DTA yo.
3. Kont Itilizatè ak Sekirite
Pou antre nan kèk fonctionnalités, ou dwe kreye yon kont. Ou aksepte pou w bay enfòmasyon ki egzak, ki klè, ak ki konplè lè w ap enskri. Ou responsab pou w kenbe kòd ak enfòmasyon kont ou yo an sekirite, ak pou tout sa ki fèt anba kont ou an.
Li entèdi nèt pou w pataje kont ou ak yon lòt moun. Kont ou an se pou itilizasyon pèsonèl ou sèlman. Si nou ta dwe detekte yon aktivite sispèk oswa pataj kont, nou gen dwa sispann oswa fèmen kont ou an.
4. Sèvis Edikasyonèl ak Aksè nan Portal
Dooke Network bay aksè nan kou sou entènèt, seminè an dirèk, anrejistreman seminè, atelye, klas an dirèk, pwogram abònman (membership), resous kominote, materyèl dijital, ak fòmasyon teknoloji.
Lè w achte oswa enskri sou DookeNetwork.com, sa pa vle di toujou ke kontni an heberje dirèkteman sou DookeNetwork.com. Aksè nan kou, kominote, redifizyon, ak sipò elèv yo livre atravè portal.dooketech.com oswa yon lòt platfòm Dooke Tech chwazi.
5. Achte ak Peman
Tout pri yo ka chanje nenpòt ki lè. Lè w bay yon fòm peman, ou otorize DOOKE LLC (DBA Dooke Tech) oswa pwosesè peman nou yo pou debite frè ki aplikab yo ansanm ak taks si genyen. Nou pa garanti pri pou tout tan. Pwomosyon, rabè, ak koupòn gen kondisyon espesifik epi yo ka expire.
6. Abònman ak Faktirasyon Rejikilè
Si ou enskri nan yon abònman rejikilè (membership), ou otorize renovasyon otomatik nan frekans ki te endike nan paj peman an. Ou kapab anile abònman ou an nenpòt ki lè. Lè w anile, w ap kontinye gen aksè nan avantaj abònman an jiskaske peryòd faktirasyon ki te peye a fini.
Peman ki pa pase ka lakòz sispansyon imedyat oswa anilasyon aksè nan membership la. Avantaj abònman yo ka chanje.
Nòt sou Abònman DTA ak Sèvis AI Agent sou dooketech.com:
Abònman pou rantre nan DTA (Dooke Tech Academy) pa gen ranbousman yon fwa yon peryòd fin faktire. Sepandan, aksè ak sèvis AI Agent yo ki ofri sou dooketech.com genyen yon esè gratis 14 jou (14-day free trial). Ou ka vizite sit la pou w aprann plis sou solisyon AI Agent sa yo. Esè gratis sa a pa aplike pou kou, seminè, oswa membership DTA yo sou Dooke Network.
7. Aksè nan Kou ak Kontni
Achte yon kou oswa yon seminè pa ba w aksè otomatik nan tout pwodwi DTA yo. Aksè a depann de ofrann ou te achte a. Chak pwodwi gen pwòp dire aksè pa l, resous, redifizyon, règ kominote, ak kondisyon pou konplete.
8. Propriyeté Entelektyèl
Tout materyèl edikasyonèl yo, tankou videyo, anrejistreman kou, anrejistreman seminè, presantasyon, dokiman PDF, fichye pou kopye, modèl (templates), grafik, ak logo Dooke yo, se propriyeté entelektyèl DOOKE LLC.
Amwens ke nou bay yon pèmisyon an ekri, ou resevwa sèlman yon lisans limite pou itilizasyon pèsonèl edikasyonèl. Li entèdi nèt pou w kopye, revann, pibliye sou entènèt, pataje aksè ki peye, oswa itilize materyèl DTA yo pou kreye fòmasyon konkiran.
9. Politik sou Sètifika
Dooke Tech Academy (DTA) bay sètifika edikasyonèl ki dokimante patisipasyon oswa konpleksyon fòmasyon yo. Sètifika DTA yo se PA sètifikasyon pwofesyonèl eta, diplòm inivèsite, oswa lisans gouvènmantal amwens ke sa dekri an detay pou yon pwogram espesifik.
- Seminè: Seminè ki elijib yo ka bay yon "Sètifika Patisipasyon" (Certificate of Participation).
- Kou: Kou ki elijib yo ka bay yon "Sètifika Konpleksyon" (Certificate of Completion).
- San Sètifika: Gen kèk kou, seminè, oswa evènman ki pa gen okenn sètifika.
10. Avertisman sou Rezilta Edikasyonèl
Dooke Tech Academy bay fòmasyon ak devlopman konpetans. Nou pa garanti travay, plasman, kliyan, kontra, revni, monetizasyon YouTube, oswa siksè finansyè.
Rezilta yo depann de efò pèsonèl ou, pratik ou, eksperyans ou, ekipman ou genyen, ak kondisyon mache a.
11. Sesyon an Dirèk ak Anrejistreman
Kèk sesyon an dirèk ka anrejistre pou pèmèt elèv yo gade redifizyon an (replay). Si ou limen kamera oswa mikwofòn ou pandan yon sesyon ki ap anrejistre, vwa w oswa imaj ou ka parèt nan anrejistreman an. Ou ka tenn kamera w si w pa vle parèt.
12. Teknoloji Lòt Konpayi yo
DTA ka anseye teknoloji ki apatni ak lòt konpayi yo (tankou OBS, vMix, Canva). Sa pa vle di ke DOOKE LLC sponsòize oswa afilye ak konpayi sa yo amwens ke sa rapòte an detay.
13. Anilasyon oswa Sispansyon Kont
DOOKE LLC (DBA Dooke Tech) gen dwa sispann oswa fèmen kont ou an si w vyole Tèm sa yo, si w fè piratri, oswa si w pa respekte Règ Kominote yo.
14. Lwa ki Aplikab
Tèm sa yo reji anba lwa Leta Florid, Ozetazini (State of Florida, USA).
15. Enfòmasyon pou Kontakte Nou
DOOKE LLC (DBA Dooke Tech)
Imèl: support@dooketech.com
Telefòn / WhatsApp: 352-721-4266
Dooke Network: https://dookenetwork.com
DTA Portal: https://portal.dooketech.com
