Dooke Network ak Dooke Tech Academy se sèvis ki opere anba DOOKE LLC (DBA Dooke Tech). Pwodwi edikasyonèl yo ka dekouvri oswa achte sou Dooke Network, pandan ke aksè nan kou, kominote, membership, ak sipò fèt atravè Dooke Tech Academy Portal (portal.dooketech.com) oswa yon lòt platfòm Dooke Tech chwazi.
1. Apèsi Jeneral
Politik Kooki (Cookie Policy) sa a eksplike kijan DOOKE LLC (DBA Dooke Tech) itilize kooki ak lòt teknoloji swivi lè w vizite DookeNetwork.com, Dooke Tech Academy (DTA) Portal, ak sèvis ki gen rapò yo.
2. Kisa Kooki (Cookies) ye?
Kooki yo se ti fichye done ki plase sou òdinatè w oswa aparèy mobil ou lè w vizite yon sit entènèt. Yo itilize yo anpil pou fè sit entènèt yo travay pi byen, pou amelyore efikasite, ak pou bay enfòmasyon sou fason moun itilize sit la.
3. Kijan Nou Itilize Kooki yo
Nou itilize kooki pou rezon sa yo:
- Kooki Esansyèl: Sa yo nesesè pou sit la ka fonksyone nòmalman, tankou pou konekte nan kont ou oswa kenbe sesyon ou an sekirite.
- Kooki Preferans: Yo pèmèt sit la sonje chwa ou fè yo (tankou lang ou pi pito oswa mòd nwa/klè) pou rann eksperyans ou pi bèl.
- Kooki Analitik: Sa yo ede nou konprann kijan vizitè yo ap navige sou sit la pou nou ka amelyore platfòm la.
4. Kooki Lòt Konpayi (Third-Party Cookies)
Nan kèk ka, nou ka itilize kooki ki soti nan founisè serye (tankou Google Analytics) pou ede nou analize fason itilizatè yo sèvi ak sit la. Sa ka gen ladan konbyen tan ou pase sou sit la ak ki paj ou vizite plis.
5. Chwa Ou Genyen
Ou gen dwa chwazi pou w aksepte oswa refize kooki ki pa esansyèl yo. Ou ka chanje sa nan paramèt navigatè w la. Si w refize kooki yo, ou ka toujou itilize sit nou an, men kèk fonctionnalités ka limite.
Sit nou an genyen yon banyè konsantman kooki ki parèt premye fwa ou vizite l pou pèmèt ou fè chwa sa a fasilman.
6. Enfòmasyon pou Kontakte Nou
Si w gen kesyon sou fason nou itilize kooki oswa lòt teknoloji, tanpri kontakte nou nan:
DOOKE LLC (DBA Dooke Tech)
Imèl: support@dooketech.com
Telefòn / WhatsApp: 352-721-4266
Dooke Network: https://dookenetwork.com
DTA Portal: https://portal.dooketech.com
