1. Propriyeté Kontni an
Tout videyo, grafik, presantasyon, materyèl leson, dokiman PDF, anrejistreman, logo, ak kontni edikasyonèl ki gen sou Dooke Network ak Dooke Tech Academy se propriyeté entelektyèl DOOKE LLC (DBA Dooke Tech) sèlman.
2. Restriksyon sou Itilizasyon
Itilizatè yo resevwa yon lisans pèsonèl e limite pou yo ka gade kontni yo te achte a. Ou PA gen dwa fè bagay sa yo nan okenn ka:
- Mete kontni nou yo sou lòt sit entènèt oswa platfòm.
- Redistribiye, kopye, oswa anrejistre videyo nou yo oswa klas an dirèk yo.
- Revann, pibliye, pataje, oswa repwodui okenn materyèl edikasyonèl.
- Itilize non mak nou oswa logo nou san yon pèmisyon an ekri.
3. Sanksyon ak Lwa
DOOKE LLC ap siveye entènèt la aktivman pou wè si gen moun k ap distribiye kontni nou yo san pèmisyon. Nenpòt vyolasyon politik sa a ap lakòz nou fèmen kont ou imedyatman san ranbousman, e nou ka menm pouswiv ou devan lajistis.
4. Pwosesis pou Rapòte Vyolasyon (DMCA)
Si ou kwè yon moun ap itilize travay ou sou platfòm nou an san pèmisyon, tanpri voye yon lèt an ekri bay ajan Dwa Otè nou an nan support@dooketech.com, avèk enfòmasyon sa yo:
- Yon siyati fizik oswa elektwonik mèt travay la.
- Idantifikasyon travay ki gen dwa otè a ke yo itilize a.
- Idantifikasyon materyèl k ap vyole dwa a ak kote li ye sou platfòm la.
- Enfòmasyon pou nou kontakte w (adrès, telefòn, imèl).
- Yon deklarasyon kote ou kwè ak tout kè w ke yo pa t bay pèmisyon pou itilizasyon sa a.
