Dooke Tech DTA PortalHub
    3 jou fòmasyon sou montaj videyo sou DaVinci Resolve
    06d:19h:30m:22s
    Enskri kounye a
    Dooke Network

    Limitasyon Responsablite (Disclaimer)

    Dènye Mizajou (Last Updated): Jiyè 2026

    1. Pou Rezon Edikasyonèl Sèlman

    Tout kou, seminè, atelye, ak materyèl DOOKE LLC (DBA Dooke Tech) bay sou Dooke Network ak Dooke Tech Academy fèt sèlman pou rezon edikasyonèl ak enfòmasyon.

    2. Pa Gen Garanti Rezilta

    DOOKE LLC pa garanti okenn rezilta espesifik apre w fin patisipe nan pwogram nou yo. Nou pa fè okenn garanti konsènan:

    • Jwenn travay oswa plasman pwofesyonèl
    • Sètifikasyon ofisyèl, lisans gouvènman, oswa kredi akademik
    • Siksè oswa kwasans biznis
    • Revni oswa rezilta finansyè
    • Monetizasyon YouTube oswa kwasans sou rezo sosyal

    3. Rezilta yo Depann de Chak Moun

    Siksè w depann nèt de efò w, eksperyans ou, ekipman w genyen, devouman w, ak fason w aplike sa yo anseye w la. Teknoloji ak platfòm yo (tankou YouTube, OBS, vMix, elatriye) chanje vit, e byenke n ap fè efò pou nou bay enfòmasyon ki ajou, nou pa kapab responsab pou chanjman nan algoritm oswa mizajou lojisyèl lòt konpayi yo fè.

    4. Konsèy Pwofesyonèl

    Enfòmasyon nou bay yo pa reprezante konsèy finansyè, legal, oswa biznis pwofesyonèl. Ou ta dwe konsilte ak pwofesyonèl ki kalifye anvan ou pran desizyon enpòtan pou biznis ou oswa finans ou.