Dooke Tech DTA PortalHub
    3 jou fòmasyon sou montaj videyo sou DaVinci Resolve
    06d:19h:30m:24s
    Enskri kounye a
    Dooke Network

    SMS ak Kominikasyon

    Dènye Mizajou (Last Updated): Jiyè 2026

    Dooke Network ak Dooke Tech Academy se sèvis ki opere anba DOOKE LLC (DBA Dooke Tech). Pwodwi edikasyonèl yo ka dekouvri oswa achte sou Dooke Network, pandan ke aksè nan kou, kominote, membership, ak sipò fèt atravè Dooke Tech Academy Portal (portal.dooketech.com) oswa yon lòt platfòm Dooke Tech chwazi.

    1. Apèsi Jeneral

    Politik SMS ak Kominikasyon sa a eksplike kijan DOOKE LLC (DBA Dooke Tech) kolekte konsantman epi itilize nimewo telefòn ak adrès imèl ou pou kominike avèk ou sou kesyon, kont, fòmasyon, oswa sèvis ou yo.

    Lè nou mande konsantman SMS opsyonèl, nou itilize yon kaz pou koche (checkbox) separe. Bay yon nimewo telefòn sèlman pa vle di otomatikman ou bay konsantman pou resevwa mesaj SMS pwomosyonèl.

    Lè w koche kaz konsantman SMS la sou fòm nou yo, ou aksepte pou w resevwa mesaj SMS nan men DOOKE LLC (DBA Dooke Tech) konsènan demann ou, kont ou, fòmasyon ou, oswa sèvis ou yo jan sa dekri nan moman koleksyon an.

    • Frekans Mesaj yo: Sa depann de entèraksyon w ak abònman ou yo.
    • Frè: Frè mesaj ak done ka aplike selon operatè w la.
    • Dezabònman: Reponn ak mo STOP pou w sispann resevwa mesaj nenpòt lè.
    • Èd: Reponn ak mo HELP pou w jwenn asistans.

    Konsantman pou resevwa SMS pwomosyonèl pa yon kondisyon pou w achte yon kou, yon seminè, oswa yon sèvis. Nou pa garanti livrezon mesaj yo paske sa depann de operatè telefòn yo.

    3. Konfidansyalite SMS

    Nou respekte vi prive w. Konsantman SMS ak enfòmasyon mobil ou yo PA vann ni pataje ak lòt konpayi pou rezon maketing oswa pwomosyon pa yo. Nimewo telefòn ou ap itilize sèlman pa DOOKE LLC (DBA Dooke Tech) ak founisè sèvis otorize nou yo sèlman pou livre kominikasyon ou mande yo.

    4. Kominikasyon pa Imèl

    Lè w kreye yon kont, achte yon pwodwi, oswa kontakte nou, ou kapab resevwa kominikasyon pa imèl. Nou fè diferans ant:

    • Imèl Tranzaksyonèl / Sèvis: Resi peman, lyen aksè nan kou, alèt sekirite kont, reset kòd sekirite, lojistik seminè, ak notifikasyon sèvis enpòtan. Sa yo nesesè pou livrezon sèvis ou mande yo.
    • Imèl Pwomosyonèl: Maketing, pwomosyon, anons nouvo kou, ak ofrann espesyal. Ou kapab dezabòne nan imèl sa yo nenpòt lè atravè lyen "unsubscribe" ki anba imèl la.

    5. Enfòmasyon pou Kontakte Nou

    Si w gen kesyon sou fason nou kominike oswa si w vle chanje preferans ou yo, tanpri kontakte:

    DOOKE LLC (DBA Dooke Tech)
    Imèl: support@dooketech.com
    Telefòn / WhatsApp: 352-721-4266
    Dooke Network: https://dookenetwork.com
    DTA Portal: https://portal.dooketech.com